Aprè yon plent fin depoze devan Komisyon Dwa moun nan Maine

Aprè yon plent fin depoze devan Komisyon Dwa moun nan Maine

Feyè enfòmasyon sa a fèt pou ka reponn a kèk kesyon moun  k ap depoze plent lan ka genyen sou pwosesis ki genyen nan ankèt sou yon plent yo depoze devan Komisyon an. 

1. Kisa k ap pase aprè mwen fin voye plent mwen an devan komisyon Dwa Moun nan Maine?

Lè Komisyon an resevwa plent pou diskriminasyon ou an byen siyen, Yo ba li yon nimewo dosye, Moun ki konsène a ap gen yon kopi plent ou an ansanm ak yon Demand Enfòmasyon ak Dokiman. W ap resevwa yon kopi materyèl yo voye bay Defandè a. Anjeneral Konsène a gen yon mwa pou reponn a akizasyon ou yo. Komisyon an ka otorize yo pwolonje tan an si li vle. 

2. Èske m ap ka wè repons moun ki Konsène a soumèt?

Wi. W ap jwenn yon kopi repons Konsène a lè Komisyon an resevwa yo. W ap gen posiblite pou revize epi bay, a lekri, tout enfòmasyon ki ta gen tandans montre ke rezon Konsène a bay pou aksyon li an pa egzat, oswa pa reponn a plent pou diskriminasyon ou an. 

3. Aprè sa, kijan envestigasyon an pral fèt?

Pi vit ke posib, yon anketè ap pran ka pa w la an chaj. Y ap fè w konnen non anketè a epi plis kominikasyon ap gen pou fèt ak moun sa a. Anketè a ap revize dosye ou a, epi avèti tou de pati yo sou fason ankèt la ap kontinye. 

Nan kèk ka Anketè a ka deside fè yon Konferans pou Rezoud Pwoblèm nan, oswa yon Konferans pou Jwenn Enfòmasyon. Nan lòt ka, yo ka deside fè yon entèvyou ak ou nan telefòn oswa fas a fas. Ouswa tou yo ka deside ke yo gen ase enfòmasyon sou dosye a ki soti nan tou de pati yo pou yo fèmen ankèt la epi bay rapò Anketè a. 

Ou ta dwe konprann ke Anketè a pa reprezante ni ou menm, ni moun ki Konsène a. Travay Anketè a se gade enfòmasyon tou lè de pati yo bay yo epi detèmine si te gen yon vyolasyon Lwa sou Dwa Moun nan Maine. 

4. Kòm anketè a pa reprezante mwen, èske mwen ka gen yon avoka?

Si ou pa genyen yon avoka se desizyon pa ou. Chak pati yo ka chwazi yon avoka pou reprezante yo. Si w angaje yon avoka, li ta dwe avèti Komisyon an ke yo pral reprezante ou. Yon fwa nou gen enfòmasyon nan dosye a ki di ou gen reprezantasyon legal, anplwaye nou yo ap voye pwochen materyèl ki gen rapò a ankèt sou ka pa w la dirèkteman bay avoka ou. 

Komisyon an konsève yon lis avoka ki montre volonte yo genyen pou reprezante pati ki gen dosye ki annatant devan Komisyon an. Lis sa se disponib sou demann. 

5. Si gen yon konferans pou jwenn enfòmasyon, sa k ap pase?

Yon Konferans pou jwenn Enfòmasyon se yon rankont ak Anketè a. Ou menm ak tout moun ki Konsène a ap envite nan rankont sa a. Konferans pou Jwenn Enfòmasyon an se se yon moman pou diskite sou reyalite ka a. Anketè a ka envite temwen oswa lòt moun pou vin asiste. Si gen nenpòt moun ou santi ki ta dwe asiste, tanpri ekri oswa rele Anketè a anvan Konferans lan. 

Konferans lan se pa yon odyans fòmèl  tankou sa ki fèt nan tribinal la. Si ou menm oswa moun ki Konsène a ta renmen jwenn repons a yon kesyon, ou ka mande Anketè a pou poze l. Konferans pou Jwenn Enfòmasyon an pa lib pou piblik la. Li se sèlman louvri a moun Anketè a detèmine ke yo nesesè pou ankèt la. 

An jeneral konferans yo fèt nan yon plas net. Kèk fwa tou, yo fèt nan biznis moun ki Konsène a, espesyalman si w ap travay la oswa si Anketè a bezwen pale ak kèk temwen oswa wè kèk dosye. Si ou gen enkyetid sou kote a, kontakte Anketè a anvan reyinyon ki pwograme a. 

6. Enfòmasyon konsènan ka ou a ki konfidansyèl

Anketè a ap itilize enfòmasyon li jwenn pandan ankèt sou ka pa w la pou prepare rapò Anketè a. Enfòmasyon ki gen nan dosye w la ap rete konfidansyèl jiskaske yo rejte dosye a administrativman oswa enskri nan Pwogram Reyinyon Komisyon an. Yo pataje enfòmasyon an ak pati yo epi ak avoka yo pandan ankèt la toutotan nou gen yon Fòmilè pou Pa Pataje Enfòmasyon yo byen ranpli nan dosye. 

Enfòmasyon ki idantifye moun ki pa fè pati plent lan rete konfidansyèl aprè ke dosye sa a rejte administrativman oswa enskri nan Pwogram Reyinyon Komisyon an. 

7. Kisa yon Akò ye?

Akò fèt lè pati yo dakò sou mwayen pou yo rezoud pwoblèm ou te prezante nan plent lan, avèk yon desizyon final Komisyon an. Komisyon an ankouraje tou de pati yo pou rezoud yon ka yon fason enfòmèl anvan yo pran yon desizyon si se vre te gen diskriminasyon ou pa. Anketè a ap travay a tou de pati yo pou yo rive jwenn yon antant. Akò a pèmèt ou kreye pwòp solisyon ou epi li ka ede w sove tan ak lajan. Si yo rive jwenn yon akò, Komisyon an ap dakò pa kontinye ak ka a. Diskisyon akò yo ap rete konfidansyèl. Yo ekri akò final la e li menm tou li konfidansyèl. Komisyon an asire l ke kondisyon Akò a respekte, e yo pa fèmen ka a fòmèlman jiskaske tout obligasyon yo satisfè. Si w vle, ou ka retire plent ou a si ou menm ak moun  ki Konsène a dakò ak kondisyon yo, men Komisyon an pa an mezi pou l fè respekte kondisyon Akò ou a. Diskite opsyon regleman posib nan ka w la avèk Anketè a, oswa avèk Manadjè Konfòmite Komisyon an. 

8. E si mwen pa rezoud ka mwen an?

Gen plizyè bagay ki ka rive Ou ka retire plent ou an si aprè yo fin analize fè yo, ou pa swete Komisyon an kontinye ak ankèt la. W ap siyen yon Fòmilè Anilasyon epi dosye w la ap fèmen. 

Si akò a pa rive jwenn, ni ou pa deside retire l, Anketè a ap ekri rapò Anketè li. Rapò an gen yon rezime de enfòmasyon tou lè de pati yo bay yo. Nan fen Rapò a, Anketè a ap fè Komisyon an yon rekòmandasyon pou konnen si gen motif rezonab ou pa pou fè kwè ke te gen diskriminasyon ilegal. Si yonn nan pati yo pa dako ak rekòmandasyon anketè a, yo gen yon peryòd de disèt (17) kote yo ka soumèt yon dezakò alekri. Komisyonè yo pral revize rapò Anketè a ak tout soumisyon dezakò a, epi koute diskisyon yo anvan yo vote sou ka w la ak lòt moun yo nan yon Reyinyon Komisyon pwograme ki ouvè a piblik la. 

9. Konbyen tan sa ap pran pou ankete sou Plent Diskriminsayon mwen an?

An jeneral ka yo toujou ouvè epi moun ki Konsène a avèti nan espas yon mwa ke Biwo nou an resevwa Plent notarye ou la. Nou resevwa repons moun ki Konsène a epi voye l  pou ou nan 6 semenn aprè avètisman an. Si dosye w la rezoud, oswa si w deside retire plent ou a, dosye a fini pi vit. Espas tan pou ankèt sou ka w la konplete ka pran plizyè mwa rive jiska yon lane. Komisyon an dwe konplete pwosesis la nan 2 zan de swadizan vyolasyon an. 

10. Kisa yon lèt dwa de pouswiv ye?

Si w ta swete depoze yon aksyon sivil nan Tribinal Siperyè, e ou pa gen Komisyon sou Dwa Moun nan Maine k ap mennen ankèt sou plent ou a, e si plent ou an te depoze devan Komisyon an depi 180 jou oswa plis, ou ka mande yon lèt dwa de pouswiv. Komisyon an ap fè lèt la pou ou, epi kanpe ankèt sou plent pou diskriminsayon ou an san pèdi tan. Administrativman n ap rejte plent ou an depi w mande yon lèt dwa de pouswiv. 

11. Èske moun ki Konsène a ka pran aksyon legal kont mwen poutèt plent lan?

Non. Li kont lalwa pou yon Konsène fè vanjans kont ou paske ou te depoze yon plent pou diskriminasyon oswa paske ou te ede nan yon ankèt. Ou ka pote yon plent pou reprezay si ou kwè ke Konsène a aji konsa kont ou. 

12. E yon aksyon nan tribinal?

Komisyon an se ajans Leta a ki responsab pou ankete sou plent pou diskriminasyon daprè Lwa sou Dwa Moun nan Maine. Li diferan de yon aksyon nan tribinal. Apre ankèt la, si ka a pa rezoud epi ou ta renmen pouswiv yon òd de lyezon daprè Lwa sou Dwa Moun nan Maine, ou dwe fè yon aksyon nan Tribinal Siperyè Maine. Komisyon an poukont li ap depoze yon aksyon nan tribinal sèlman nan kèk ti ka li jwenn motif rezonab ki fè nou kwè ke diskriminasyon ilegal la te fèt vre. 

Dat limit pou pouswiv yon aksyon nan tribinal se li ki pi gwo, swa 2 lane aprè swadizan zak diskriminasyon an oswa 90 jou aprè revokasyon an,  lèt dwa de pouswiv la oswa echèk konsilyasyon an. 

13. Èske gen lòt bagay ankò mwen dwe konnen?

Wi. Si w chanje kay oswa nimewo telefòn ou, fòk ou fè komisyon an konn sa. Si telefòn ou dekonekte oswa  si w pa gen telefòn, ou dwe kite yon adrès oswa yon nimewo kote yo ka jwenn ou. Komisyon an ka rejte plent ou an si li pa kapab antre an kontak avèk ou. 

(Revised 4/12) 

 

Si  w gen difikilte pou w li kontni sit wèb sa a, e ou ta renmen yon dokiman entèprete de Anglè a yon lòt lang (tankou Lang Siy Ameriken) oswa nan yon fòma ki aksesib, tanpri kontakte nou nan (207) 624-6290 oswa webmaster pou mande entèpretasyon, tradiksyon oswa akomodasyon.